"Magouy imigrasyon" vle di fwod nan kad sèvis jiridik imigrasyon ki sible rezidan New York ki imigran e ki vilnerab. Magouy imigrasyon, jan nou dekri l la a, ka fèt ak avoka oubyen ak moun ki pa avoka. Li kapab tou ak lòt moun ki patisipe nan lòt zak magouy tankou fwod telefonik ak vòl idantite ki ka gen konsekans imigrasyon. Genyen anpil magouy imigrasyon ki fèt nan kominote imigran yo e konsekans yo kapab grav - pou moun k ap fè magouy sa yo e pou viktim yo. Pi ba a w ap jwenn plis enfòmasyon sou fason pou w evite tounen yon viktim magouy imigrasyon.
Si w bezwen konsèy jiridik sou imigrasyon, ale wè yon avoka oubyen yon moun ki gen akreditasyon Depatman Lajistis Etazini [U.S. Department of Justice] (DOJ) oubyen yon òganizasyon DOJ rekonèt.
Ajan sèvis asistans imigrasyon yo se moun oubyen biznis ki touche yon frè pou nenpòt kalite sèvis ki gen pou wè ak imigrasyon. Gendelè yo rele yo notarios públicos nan kominote ki pale panyòl yo, "koutye"imigrasyon, "konsiltan" nan domèn imigrasyon oubyen “kontab” ki bay asistans imigrasyon. Anpil ajan sèvis asistans imigrasyon se pa avoka yo ye ni yo pa gen akreditasyon DOJ/ni DOJ pa rekonèt yo e yo paka bay konsèy jiridik. Pou w jwenn plis enfòmasyon sou ki asistans ajan sèvis immigrasyon yo kapab ba w oubyen pa kapab ba w, klike la a.
Lwa imigrasyon konplike. Atansyon ak ajan sèvis imigrasyon ki nan magouy ki ka di w lekontrè e ki ka fè w. fo pwomès tankou:
Pou w depoze yon plent kont ajan sèvis asistans imigrasyon, rele 311 epi di "immigration service provider (ajan sèvis imigrasyon}" oubyen ale sou sitwèb Depatman Pwoteksyon Konsomatè ak Travayè NYC a nan nyc.gov/dca pou w depoze yon plent nan lang pa w. Ou pa oblije bay non w oubyen sitiyasyon imigrasyon w pou w depoze yon plent.
Pou w depoze yon plent kont yon avoka, rele 311 oubyen al sou sitwèb pou lokal kote w te rankontre avoka a:
Bronx
Brooklyn
Manhattan
Queens
Staten Island
Genyen avoka imigrasyon ki kalifye ou ka fè konfyans ki disponib pou ede w nan demach w ap mennen nan zafè imigrasyon. Pa egzanp, ActionNYC ofri verifikasyon jiridik pou tout imigran nan Vil New York yo. Verifikasyon gratis sa a kapab konekte w ak yon avoka imigrasyon ki kalifye e l ka ede w evite tounen yon viktim magouy imigrasyon.
Pou w pwograme yon verifikasyon jiridik ActionNYC, rele 1-800-354-0365, oswa rele 311 epi di "ActionNYC" oswa “sèvis jiridik imigrasyon.”
Si w santi w enkyete, estrese oswa deprime – gen èd ki disponib.
Li nòmal pou w santi anksyete ak estrès. ThriveNYC pral ba w aksè a sipò pou sante mantal nan lang ou pale a. Rele 1-888-NYC-WELL, voye yon tèks ki di “WELL” nan 65173, oswa ale sou entènèt nan NYC.gov/NYCWell.
Nan fwod “Viza 10 Lane” a, kèk avoka ak ajan sèvis asistans imigrasyon malonèt di imigran yo ke yo kapab jwenn yon viza oswa yon kat rezidans si yo gen 10 lane depi y ap viv nan peyi Etazini. Raketè sa yo an jeneral pa byen eksplike ke pou rive fè sa a, moun yo dwe antame pwosedi depòtasyon epi pwouve "difikilte grav, ki pa nòmal, e ki eksepsyonèl" pou yon manm fanmi kapab kalifye.
Raketè yo ap rele e y ap kite mesaj vokal nan lang Mandaren apatide nimewo ki sanble tankou yo nan peyi Lachin e yo pretann y ap rele nan non Anbasad Chinwa a, Konsila Chinwa yo, oswa ajans otorite lapolis yo. Moun sa yo k ap rele yo mande w pou w al chèche yon pakè oswa, otreman, yo mande w bay enfòmasyon finansye pèsonèl, tankou nimewo kont labank oswa enfòmasyon kat kredi, pou evite pwoblèm ak sitiyasyon jiridik ou, oswa pou evite yo arete w pwochen fwa w vwayaje al Lachin. Dapre rapò yo, raketè yo ap sible imigran Chinwa oswa moun ki genyen siyati Chinwa yo.
Nimewo telefòn yo itilize pou fwod sa yo, byen souvan raple pwòp nimewo pa destinatè a oswa vre nimewo Anbasad Chinwa a, (212) 244-XXXX. Raketè yo ap itilize imèl ak WeChat tou nan eseye fè moun pran nan magouy yo.
Si w panse w pran nan magouy, ou kapab rele 311 epi mande pou yo konekte w ak komisarya polis lokal ou a pou w depoze yon rapò lapolis. NYPD pa poze kesyon sou sitiyasyon ak imigrasyon bay viktim zak, temwen yo, oswa lòt moun ki mande èd. Sèvis yo disponib nan lang Chinwa e nan lòt lang.
Jwenn plis enfòmasyon osijè fwod sa a:
Feyè pou Evite Dènye Fwod Telefonik ki Sible Moun ki Pale Chinwa [PDF – Anglè]
避免针对美籍华人的新型电话诈骗 [PDF - Chinwa]
Evitar las Últimas Estafas Telefónicas Dirigidas a los Chinos Americanos [PDF – Panyòl]
Telechaje epi enprime dokiman yon paj “Pa Viktim Magouy Imigrasyon” nou an ki pi ba a. Tout dokiman yo nan fòma PDF.
Anglè
Arab | العربية
Bangali | বাঙালি
Chinwa (Senplifye) | 简化字
[Chinwa (Tradisyonèl) | 正體字
Fasi | فارسی
Fransè | français
Kreyòl ayisyen | kreyòl ayisyen
Koreyen |한국어
Nepalè | नेपाली
Polonè | Polskie
Pòtigè | Português
Pounjabi|ਪੰਜਾਬੀ
Ris | русский
Panyòl | español
Tagalòg | tagalòg
Tibeten | བོད་ཡིག
Oudou | اردو